DESALIN, IMÒTÈL! par Garaudy Laguerre

DESALIN, IMÒTÈL!

Nou salye tout moun ki reponn prezan pou envitasyon jodi-a. Nou remèsye espesyalman Ambasadè Haiti an R.D. ak Mme Anne Marie François, qui ofri nou opòtinite ak onè, pou nou pale jodi-a, de Ero nou, de Sovè nou;  pou nou pale de liberatè nou, Papa nou tout, Papa Nasyon an!

Paske, si Jodi-a, se pa Arrawak nou ye, si Jodi-a se pa Taïno nou ye, se paske blan Eropeyen te fè yon jenosid, yo te asasine Endyen yo!

Si nou reyini Jodi-a san nou pa genyen chènn lan kou nou ak chenn lan pye nou, si nou vivan toujou, ansèt nou yo pa sibi menm sò ak Endyen yo, se gras a Emperè nou an: se gras a Jean Jacques Dessalines!

Se pou sa, mwen mande nou tout ansanm, pou nou kanpe, pwan yon minit  rekèyman, pou nou komemore memwa li e pou nou di, ansanm : Mèsi, Papa Desalines!

Jodi-a, nou ap komemore memwa Dessalines, En menm tan, nou ap kondane trayizon ki mete fen ak vi li epi ki retade pwojèl ak vokasyon nasyon nou an.

Men, Jodi-a tou, ak pou tout tan, nap selebre vie ak kontribisyon Anperè Jn Jacques Dessalines, paske Dessalines, se yon Immortel!

Dessalines se yon Immortel, paske li te genyen anpil lanmou lan kè li! Lanmou pou peyi li, lanmou pou pèp li, pou ras li, lanmou pou Nasyon li, men sitou, lanmou pou Libète!

Dessalines te yon esklav jaden rebèl, ki te resevwa ampil move trètman, lan men blan. Yo te anchennen li, men yo pat janm domine li; Yo te imilyel, men yo pat jan’m mèt li!

Li te pote anpil mak kout frèt kolon sou kò li, e li te kòn ekspoze yo, kòm symbol  resistans li, andirans li ak pètinans li.

Li pat jan’m pense a revanch pèsonel, pou mechanste  mèt Esklav, Duclos ou lòt, te fè li. Tant Toya, te bali pi gwo ambisyon: Libète pou nenpòt ki pri!

Dessalines te yon Revolisyonè : “Se pou nou fè sèman pou nou goumen jiska dènye souf nou, pou endepandans peyi nou an”!

Pawòl saa pat jis yon deklarasyon ou byen yon swè, de yon nèg ki genyen bèl lide, ki pè batay, ki pè afwonte lènmi li.

Okontrè Dessalines te yon entrepid lan tout batay ki te abouti nan abolisyon esklavaj e pou endependans peyi nou an.

Li rantre kòm solda lan lame revolisyonè an 1791, sou zòd Tousen Louvèti pendan revolt ke Boukman te dirije yon senmenn apre seremoni Bwakayiman nan Plenn di Nò.

Dessalines te lwayal e disipline. Li pwal swiv politik Tousen, san jeretyen, jiskan 1802, lè Leclerc te depòte Tousen.

Kit se kont Lespay, kit se kont Anglè yo, kit se kont Fransè, Dessalines pat Sèlman prezan, men li te lan avangad tout batay sa yo, pou aboli esklavaj, swa sou lòd Tousen, swa sou pwòp komandman pa li!

Lanmou Dessalines pou libète ak liberasyon esklav yo, fè ke, li pat fè eksepsyon pou lenmi blan, ni pou lenmi milat, lè yo te kont abolisyon esklavaj.

Li batay kont lame Rigaud, Kòm jeneral, sou zòd Tousen, lan « Guerre du Sud », san resèv  ak menm pasyon li te goumen kont Franse yo, kont Espayòl yo ak kont Anglè yo.  

Men, li te genyen yon sans jistis, li pa janm imilye lenmi li, e lan defèt enmi an, li te toujou ba yo posiblite pou yo kite sa, oswa rann tèt yo! Men, selman lan defèt yo!

Sepandan, Dessalines, poul akonpli misyon pa li an, defèt pat yon opsyon! Dessalines te yon lidè militè ki te gen anpil enspirasyon e li te fèm ak twoup li, anmenm tan li te san konsesyon ak lenmi yo.

Lan Fort Crête à Pierrot, 300 ansyen esklav-solda, konfwonte plis pase 2000 solda Eropeyen, ki vi’n douz mil (12 000) aprè, ak anpil gwo zam, sou kòmandman Leclerc ki te vini pou retabli lesklavaj!

Dessalines, ak sèlman douz pyès kanon, ak kouraj, ak jeni, ak konviksyon, ak detèminasyon, ak kreyativite, reyisi sòti kite Fò a, ak twoup li yo!

Li te limen yon tòch, sou yon barik poud, li di solda yo: “se moun brav mwen vle avek mwen maten an, Franse yo pwal atake nou; si gen mou ki vle tounen anba esklavaj franse, yo te mèt kite fò a, moun ki vle mouri lib, mèt kanpe bo kote’m”. Tout solda yo te repon’n ansan’m: “nou vle mouri pou Libète”!

Dessalines te ajoute : “Si Franse yo rantre lan fò sa-a, m’ap fè nou tout eklate”!

Pou Dessalines, libète pat gen pri! Ant libète ak lanmò, chwa Dessalines pou libète, te toujou klè!

Men, li pat jan’m gen problèm ak lanmò, li te chwazi, si lap mouri, lap mouri lib, zam nan men li.

Dessalines trase chemen li lan yon toubiyon  kontradiksyon ki te karakterize epòk ak kontèks politik li tap viv lan : te gen alyans, te gen trayizon; te gen fratènite, te gen koutba; te gen adezyon, te gen alevouzan, te gen viredo bay lit la, te gen nwa te gen milat; te gen blan, te gen esklav!

Revolisyon ayisyen an, pat yon banbilo/yon banbòch byen manje, byen bwè ak bèl kostim: li te gen rêv, li te gen sakrifis, li te gen « sang » kap koule, li te gen lanmò!

Lè Franse yo te fin depòte Tousen; Lè li te klè, ke plan Napoléon, se te remete tout moun, ni Nwa ni Milat lan esklavaj, yon alyans istorik, ant Nwa ak Milat te fèt, e yo te mete Dessalines lan tèt lame revolisyonè-a, ki pou korespon’n ak fòs Rochambo yo!

E pou korespon’n, Dessalines te korespon’ ak yo!

Rochambo, voye di Napoleon, si poul retabli lesklavaj, fòk li jwen 25,000 solda an plis, li presize, poul te ka ekstèminen 30,000 nwa, “fan’m kou gason, paske fan’m yo, te pi fewòs, ke gason yo”! Sou lidèchip Dessalines.

Lè yon jou, Rochambo te pran 500 Nwa, li fè yo fouye twou pou yo te antere yo, epi li te fè touye yo.

Dessalines pa fè ni de, ni twa: li ramase 500 blan lan zòn Okap, e li fè pan’n yo tout, lan vil lan, devan Rochambo.

Dessalines te entretab kont atwosite/kriyote blan yo, men li pa jan’m elwaye’l de estrateji’l poul aten’n objektif final li, ki se te mete lame Franse ya an derout epi krèye yon peyi lib e libè, endependan.

Sou komandman Dessalines, lagè revolisyonè a te pwan yon lòt dimansyon: Dessalines te livre yon gè total, li pa kite okenn kwen pou Franse yo.

  • Li men’m pote lagè-a al jwen yo, sou lanmè.
  • Li atake fò, bato, ganizon militè lan tout vil empòtan yo e katye jeneral Lame Franse-a.

Se konsa, lan yon ti bout tan aprè depòtasyon ak Lanmò Tousen, lame Dessalines lan, ak wo eta majò li: Jefra,  Ferou, Gaba, Maglwa Anbwaz, Vènè, Petyon, Kanje, Women, Lavo, Kristòf ak Kapwa Franswa di kapwa Lamò,  te gentan kontwole Prèske tout peyi ya.

Estrateji lagè total, Dessalines te deklare kont franse yo te reyisi! Franse yo te oblije repliye sou Okap, kote yo òganize rezistans prensipal yo Vètyè. 

Lè Dessalines fi’n pwan Pòtòwens, li pase lòd pou tout twoup yo al rankontre li lan Nò, pou dènye batay 18 Novanb 1803, ki pwal fè le mond antye Konnen, kiyès nou ye!

Men kouman, lan yon liv, youn ofisye Franse, DeLafò, ki te asiste batyayVètiè-a te dekri gwo evenman istorik sa-a:

“Ki kokenn chènm moun sa yo! A la goumen yo konn goumen ak mouri! Fòk yon moun te goumen kont yo, pou l ka konnen kouraj endontab sa-a, devan danje…

Mwen te wè yon kolonn solda nwa, amba mitray kat pyès kanon, ki t ap avanse san pwan souf, san yo pa fè yon pa an aryè.

Plis te genyen ladan yo ki t ap tonbe, se plis, sa te double kouraj lòt yo. 

Yo t ap  vanse e yo t ap chante… yo t’ap chante paske nèg yo chante nan tout okazayon…, yo t’ap chante, paske nèg yo fè chante sou tout bagay.

Chante yo, se te chante Ero, chante yo, se te chante neg vanyan:

  • Grenadye, alaso
  • Sa ki mouri zafè a yo
  • Nan pwen manman
  • Nan pwen papa
  • Grednadye, alaso
  • Sa ki mouri, zafè a yo.

Chante sa-a, mil vwa ansanm t ap voye’l monte nan syèl la, epi kout kannon tap fè bas…, sa te prodwi yon efè ki fèw fremi.

Kantite mas sa yo ki t ap chante e t ap mache sou lanmò, amba yon limyè solèy ki te mayifik.”

DeLafò te konkli pou li di ke, espektak formidab sa-a, toujou rete lan memwa’l ak imajinasyon’l, tankou se te jodi-a, plis pase 40 lane aprè!

Se lan batay sa-a, Kapwa Lamò, resevwa ochan enmi yo, pou bravou li, lè yo konstate, menm boulèt kanon pat ka kanpe’l.

Aprè atak Kapwa a, Desalin te rele Jeneral Gaba ak Filip Do e li te di yo: “Mwen vle pou avan yon demi-èd tan, drapo endijèn nan ap flote sou tèt Mòn Charye…, men’m si pou’m ta wè tout rejiman lan lame a disparèt, youn aprè lòt.

Se detèminasyon ak kouraj sa-a, ki fè vizyon, plan ak strateji militè Dessalines lan te reyisi. ki pwal fè ke Franse yo kapitile le 19 Novan’m 1803, kote yo siyen defèt yo, lan vil Okap!

1er Janvier 1804, Dessalines nome gouvernè jeneral a vi, pwal pwononse deklarasyon ofisyèl Endepandans, ke tout  jeneral yo te siyen.

Nan mwa Octòb 1804, yo pwal kourone li emperè, paske yo te kwè tit gouvènè pat apwopriye pou yon Nasyon endepandan.

Ideyoloji Dessalines, se te ke blan yo te kenbe nou lan esklavaj, avek la fòs, avek ferosite, yo vyole sè nou, pitit nou ak madan’m nou. Yo vyole manman nou!

Yo fè nou kwè ke nou pa moun

Donk, Dessalines, te panse ke blan yo pat merite oken senpati, fòk nou ran’n yo atwosite pou atwosite, afron pou afron ak krim pou krim!

Pou nou te bati yon lòt sosyete, li te kwè, fòk nou te kominike avek blan yo, lan langaj pa yo, sèl langaj yo konnen, ki se Vyolans!

Dessalines te kwè ke sèl jan pou ras nwa te soti lan esklavaj tout bon vre, se te pou nou te rejte kilti ak relijyon blan-an e kontrekare, vyolans esklavajis blan an, ak Vyolans liberatris ras Nwa a.

Men, refleksyon ideyolojik Dessalines pat rete la, Dessalines te kwè li pat  sifi pou nou bat blan-an militèman.

Li te panse fòk nou kreye, yon leta, yon lame ak yon Nasyon nwa ki fò; ak lang pa nou, kilti pa nou, kwayans pa nou, pou nou ka simante tout kouch sosyal lan polilasyon an.

Yon leta ke nou konstwi nou menm, pou nou menm!

Konsa, nou te ka pwospere e ede lòt nasyon pran libète yo!

Aprè lagè endepandans lan, Dessalines te erite yon peyi en rwin. Dessalines te kompwan, byen ke zam te enpòtan men, se pat sitou zam ki te ba nou endepandans lan, se te volonte mas yo pou yo te soti lan esklavaj, pou yo viv lib ou byen mouri!

Kounye ya ke mas yo te lib, Dessalines te kwè fòk Peyi-a te rete ini, preske lan yon  mobilizasyon an pèmanans, pou  pwodiksyon ekonomik ak òganizasyon militè, pou ke nou te ka vi’n ganyen min’m fòs ak peyi esklavajis Ameriken, Ewopeyen, elatriye, ki te antoure nou e ki pat ka dijere yon Nasyon Nwa lan figi yo!

Se pou tèt sa, an 1805, Dessalines kreye premye Konstitisyon  peyi dAyiti, kote li règle lavi ekonomik,  politik, militè ak kiltirèl  jèn nasyon an, epi ba nou, premye Drapo peyi nou an, yon drapo, nwa ak wouj.

Kòm Anperè, Dessalines te bay lòd ak tout jeneral li yo, pou konstwi fò lan tout peyi ya, pou lè blan yo tap tounen, pou Ayiti te ka pare, pou fè fas ak yo, e pou nou te bat yo, ankò!

Dessalines, se te yon Liberatè, yon Imanis yon Entènasyonalis e yon  Visyonè, ki pa gen parèy!

Dessalines montre lanmou li ak jenerozite li pou tout pèp, lè li chanje non Sendomeng, li rebay territwa-a, non Endyen yo, ke Espayòl yo te fè jenosid sou yo. Li tounen rele peyi a: Ayiti, pou onore memwa ak kilti Endyen yo!

Tout Polonè ki te batay lan gè endependans lan bò kote esklav yo, li ba yo natyonalite ayisyen e li entegre yo lan lame revolisyonè ak lan vi ekonomik peyi ya.

Dessalines, se te yon Entènasyonalis;

Listwa pa jan’m konen yon pi gwoEntènasyonalis ke Dessalines, ki ède peyi ak lidè ki tap goumen pou libète yo, kont lesklavaj, pakilyèman, Miranda!

Dessalines te yon Visyonè:

Dessalines te kwè, pou revolisyon Ayisyen lan reyisi, fòk Ayiti pat pou kò li, fòk te gen lòt Nasyon ki pwan men’m direksyon an, lan goumen pou chanje systèm ak ekonomi mondyal la.

Li te kwè blan yo pa tap kite Ayiti siviv, yo te gentan retabli lesklavaj Jamayik, Matinik, e Espayòl yo te kontinye ap van’n moun Nwa lan pati lès zile ya.

Se pou tét sa, non sèlman, li te fè konstwi Fò yo ak ede lòt peyi lan lit pou liberasyon yo, li pwal pwan inisyativ pou li pwan kontwòl pati lès Zile an.

Li abandone kampay saa, lè enmi yo kouri bri, ke Franse yo te deja lan lanmè  Pòtoprens pou vin atake konkèt revolisyon an.

Dessalines, pou évite konfli lan mitan nou, ki te ka deroute revolisyon an, e kraze leta frajil ke nou t’ap konstwi a, li fè konstitisyon 1805 lan, yon konstitisyon layik, kote chak moun e chak kominote te ka chwazi relijyon pa yo epi jwi pwòp ekspwesyon kiltirèl pa yo.

Yon ekzanp ke rès mond lan pwal swiv, plis pase 100 lane aprè!

Sou men’m lanse an, li eseye solidifye alyans avek antant, ant milat ak nwa, paske li te kwè se yon eritaj ki te konstitye yon defi pou peyi ya. Sete yon reyalite ke blan yo te ka kontinye itilize pou divize nou e ki te ka detwi nasyon an, a lenteryè.

Se pou tèt sa, lan premye konstitisyon peyi ya, li di, tout moun ki genyen nasyonalite Ayisyen, tout se Nwa!

Dessalines te ankouraje e sipote masak Franse ki te rete  lan peyi ya, pa sèlman akòz de krim yo te komèt, men pou te ka konsolide inite ant Nwa ak Milat, lan fè san bouro yo koule.

Dessalines te kwè lan Jistis Sosyal:

  • Dessalines lan konstitisyon 1805 lan, te rekonèt ni timoun ki fèt lan maryaj, ni sa ki fèt natirel. Li te rekonèt mariaj kòm yon ak sivil, ni plis, ni mwens.
  • Dessaline te kwè lan distribisyon egal-ego richès! Lè Anpil Jeneral Milat ak kèk jeneral Nwa, ancien lib, te eseye fè pwan pou yo tout byen ak richès nouvo peyi ya, Dessalines te mete opozisyon.
  • Dessalines, se te yon sosyalis avan ke sosyalis te egziste!

Lè Nwa, ansyen lib ak Milat yo, fi’n gen kontwòl politik ak ekonomik peyi ya, Milat yo te deside ke yo se Eritye ansyen kolon yo.

Avek konplisite kèk jeneral Nwa, Yo te fè dap piyanp sou tout richès peyi ya pou rès popilasyon an te rete lan difikilte.

Lidè tankou Dessalines ak Kapwa, pat danse kole ak Franse, yo te wè Franse kòm lenmi, kontrèman ak milat yo ki te frote ak blan, ak kilti Franse an, ganyen ki t a l lekòl an Frans, yo pat jan’m dakò pou yo sou men’m pie degalite ak Nwa yo, ki se ansyen esklav. Yo pat fi’n dakò non plis, pou nou te rache endependans nou anba Lafrans.

Donk, Lwa Dessalines tap pwomilge yo, men’m si ganyen lan jeneral yo ki pa di anyen, men yo pat dakò, pa egzanp, ke ti moun lejitim gen men’m dwa ak ti moun natirèl; ke tout ayisyen se frè e egal ego, devan la lwa.

Jeneral Jerin, yon milat, te rive di: Pitit yon esklav pa t ap jan’m ka egal ak pitit pa li.

Donk, solisyone pwoblèm koulè ak origin sosyal, te yo gwo défi pou Dessalines.

Yon gwo konfli, pwal eklate ant Milat yo ak Dessalines, lè Dessalines soti pou li bloke tentativ yon seri Milat lan Sid, pou sèzi byen ansyen kolon yo.

Li pwal fè tout byen sa yo rantre lan patrimwa’n vil ak zòn yo.

Koripsyon te fi’n gaye lan Sid la, Milat tap fè komès, defisitè pou leta, an kachèt ak Anglè ak Ameriken, ki pat vle rekonèt nou kòm nasyon; ansyen afranchi ak gwo chèf militè te komanse pwan pakèt tè, abitasyon ak kay kolon franse te kouri kite.

Yo te rive menm fè fò papye, yo jòni papye yo ak lafimen, pou fè kwè yo te la depi lontan.  

Dessalines bay tout moun yon kampe lwen, lè li mande konwòl tit pwopriyete tout moun!

Dessalines pwal pwononse yon seri de pawòl, ki pwal deja anonse li pap ka siviv, se lanmò kap tann li:

Li di: “Men’m jan mwen fè fizye moun k’ab volè poul, danre ak betay, se menm jan m’ap fè touye moun ki nan lese grennen pou pèmèt yo vòlò byen leta…” 

“Anvan nou te pwan zam kont Leklè, Milat yo, pitit blan, pa t konn resevwa eritaj papa yo; kouman fè, depi nou chase kolon yo, pitit yo ap reklame byen yo?

Nwa ki gen papa yo ann Afrik la, yo pap jwen anyen!”

Pawòl sa-a yo te twòp pou fraksyon milat yo, yo te deside pase annaksyon!

Desssalines kite Màrchan jou kite 17 òctob 1806, pou li vi’n Pòtopwens, pou li te rankontre ak Petyon, Jerin ak Yayou, men sa li pat konnen, sè ke yo men’m tou, yo te lan komplo-a!

Lè li rive Pon Rouj, you group solda, sou kòmandman Jerin, ouvri zam sou Dessalines ak tout èd de kan li, Charlotin Macadieu, yon Milat, ki te vi’n ambrase Dessalines pou protege li.

Yo krible tou lè de ak bal! Aprè, yo rache kò amperè-a, mòso pa mòso, yo lage li lan lari. Asasen yo te  atròs ak fewòs menm jan ak kolon yo!

Men Defile, fan’m kouraj, men’m lan lanmò, li te rete loyal ak ideyal revolisyon an, e ak Anperè-a!

Se fanm saa kit e onore kadav Dessalines, li te rekonèt ke Papa Nasyon an merite yon lòt tretman aprè asasina-l. li fè antèman rès kadav Anperè a pou kont li.

Sa pat diferan pou Amperè lan: kouraj ak lwayote! 

Claire Heureuse, madanm Anperè Dessalines ki te kon’n panse  solda nou yo lè yo blese nan lagè, pou yo tounen lan batay, te pwal onore non Anperè a, pwojèl, repitasyonl , lè li konfwonte assassin’l yo.

Kouraj ak Lwayote!

Pouvwa politik, gwo mwayen ekonomik, richès pat monte nan tèt  Dessalines, ni vire lòlòj li. Yo pat rann li avèg. Li te konsyan pendan tout vi li, ke konspirasyon ak trayizon base sou diferan intérê ak anbisyon ekonomik e sosyal te menase pwoje li ak eksistans li e eksistans nasyon an!

Men, li pat jan’m kite danje imobilize li, devan responsablite Istorik li.

Li batay pou libète ak pou pèp li pandan tout eksisatans li, san li pa mande anyen an retou. Jan li di ak pwòp bouch li: “ mwen sakrifye tout bagay…, pou yon sèl richès: Libète nou”!

Li pat jan’m fè tèt li ilizyon ke trayison te ka soti  andeyò peyi ya, tankou  endedan’l. Nan dat kite premye Janvier 1804, li anonse pwòp sò li, pendan li avèti nou: “si nou touye mwen, nap konen sò yon pèp ki engra”!

Nou genyen konsolasyon ke se pat pèp lan ki tiye li, e jodia n’ap deklare ak tout fòs nou, ak gagann nou byen louvri : Nou pa engra ! Mèsi Papa Dessalines!

Nou Konnen ou te di: “Jijman jenerasyon saa e sa kap vini aprè yo, pa fèw  pè, depi ou rive sove peyi ou”!

Nou di ou Mèsi, Papa Dessalines, paske rèv ou reyalize: ou rive sove peyi ou e ou rive sove nou!

Ou reyisi twa revolisyon, pouw ka kreye yon nasyon , ou voye jete Kòd Nwa-a pou’n te ka vi’n moun! ou kanpe  ras nwa-a egal-ego ak tout lòt ras, ou re-mete tout yon ras, lan istwa limanite!

Ou banou yon Deklarasyon Endependans ki pral vi’n yon ideyal pou tout limanite !

Ou se pi gwo Revolisyonè ki jan’m pase sou la tè!

E, gras a wòtè ke ou vole, Jn. Jacques Dessalines, malgre tout pwoblèm Nasyon an ka konfwonte, kòm pèp, nap toujou rete, pou tout tan, lan fôrè memwa tout limanite, tankou zwazo ki sou dènye branch lan!

Se konsa, Konpatriyot mwen yo, mwen prezante nou, jodi-a, men koman yon esklav vi’n Solda, yon Solda vi’n Kolonel, yon Kolonel vi’n Jeneral, yon Jeneral vi’n Gouvènè, yon Gouvènè vi’n Anperè yon Anperè vi’n Immortel!

  • Mèsi anpil!

Garaudy Laguerre